Dappiyanp sou tè ap monte an Ayiti, tandiske eksplwatasyon min prezante yon lòt menas

Lojman nan Pòtoprens, Ayiti apre tranblemanntè 2010 la. Sous: Foto Nasyonzini/Logan Abassi Pwogram Nasyonzini pou Devlopman.

Malgre egzanp soti nan lòt peyi nan rejyon an k ap entèdi eksplwatasyon min, otorite nan gouvènman ayisyen, ansanm avèk Bank Mondyal kontinye ap pwopoze eksplwatasyon min kòm yon solisyon k ap rezoud pwoblèm ekonomik peyi a. Nan mwa janvye, direktè Biwo Min ak Enèji (BME) te fè konnen eksplwatasyon min se yon bagay ki kapital pou lavni ekonomik Ayiti. Pawòl direktè a pa t anyen nouvo, men li atire plis atansyon sou lò ki anba tè Ayiti ak konpayi ki soti nan peyi Etazini ak Kanada k ap ranje kò yo pou yo eksplwate l.

Pa gen min metal k ap fonksyone aktyèlman an Ayiti. Men sa fè lontan moun k ap viv sou tè ki gen pèmi eksplwatasyon min sou li ap lonje dwèt sou devlopman endistri min kòm yon menas pou kominote yo ak ganypen yo. 

Se pa ayisyen sèlman ki gen enkyetid pou konsekans eksplwatasyon min. Pandan yon odyans devan Komisyon Entè-Ameriken sou Dwa Moun (IACHR) lotòn pase, defansè ak ekspè ki soti nan twa peyi nan Karayib la–Ayiti, Jamayik, Giyàn, Trinite ak Tobago, ak Baamas–prezante sou ki efè endistri estraktif sa yo gen sou dwa moun ak chanjman klimatik nan Karayib la.

Eksplwatasyon min lakòz gwo dega sou anpil tè epi li lakòz deplasman kominote toupatou nan lemonn. Tè jaden deja ra an Ayiti.

Samuel Nesner, sekretè egzekitif Sosyete Kiltirèl Jèn Ayisyen (SOKIJA) ak ansyen animatè Kolektif Jistis Min (KJM), yon kowalisyon òganizasyon sosyete sivil ak militan kominotè an Ayiti, te temwaye sou dappiyanp vyolan sou tè peyizan k ap kontinye fèt nan zòn riral an Ayiti epi ki ris devlopman eksplwatasyon min an Ayiti reprezante pou dwa moun ak pou anviwònman an.

Nesner souliyen sa fè plizyè syèk y ap fè espwopriyasyon tè—ki vle di, dappiyanp sou tè—ki fòse peyizan ak fanmi yo kite lakay yo, sitou nan kominote riral yo. Anpil fwa, yo fè dappiyanp sou tè sou menas vyolans epi san yo pa dedonmaje peyizan yo pou pèt tè sa a. 

Dapre Nesner ak lòt defansè, souvan yo bay gwo biznismann oswa konpayi etranje tè a pou yo ka plante rekòt pou yo espòte oswa pou eksplwate mineral ki anba tè a. Li eksplike–menm jan yon atik ki parèt nan Ayibopost nan mwa desanm te rakonte an detay–otorite leta ki nan magouy konn fasilite dappiyanp sou tè sa yo pou yo jwenn avantaj materyèl nan men gwo biznismann sila yo.

Depi digdantan enstans etranje ap patisipe nan kriz dappiyanp sou tè an Ayiti. Pandan okipasyon Etazini an Ayiti, yo te bay oswa vann konpayi ki soti nan peyi Etazini plis pase 7 pousan tè Ayiti a. Dènyèman la,  peyi Etazini te bay gwo finansman pou devlopman Pak Endistriyèl Karakòl aprè tranblemanntè te ravaje Ayiti nan lane 2010. Pwojè sa a deplase 4.000 moun prèske nan yon sèl kou san yo pa jwenn dedomajman yo merite a.

Biznis ak peyi etranje, ansanm avèk enstans entènasyonal, tankou Core Group peyi Etazini ap domine a, kontinye gen gwo enfliyans sou politik ak devlopman an Ayiti. Yo eklipse vwa pèp ayisyen an.

Nesner eksplike endistri eksplwatasyon min nan "itilize taktik kraze zo pou degèpi peyizan sou tè jaden yo epi yo domaje yon anviwònman ki deja degrade." Soti nan lane 2006 rive nan lane 2013, leta ayisyen te bay twa konpayi etazinyen ak kanadyen plis pase 50 pèmi eksplwatasyon min pou yo ka sonde tè kote plizyè dizèn kominote ap viv deja nan rejyon nò peyi Dayiti.

Yo te bay pèmi sa yo malgre lalwa ayisyen entèdi sa, san yo pa fè yon bon jan etid sou ki enpak anviwònmantal ak sosyal sa ta kapab genyen, epi san yo pa konsilte avèk kominote k ap viv sou tè a deja. Tandiske leta ayisyen ap satisfè bezwen konpayi eksplwatasyon min etranje, moun k ap viv nan zòn ki gen pèmi eksplwatasyon min sou yo pè pou yo pa pèdi lakay yo ak mwayen pou yo viv lè konpayi sa yo deside kòmanse fè travay yo. Se pa "si" sa pral rive, se "kilè."

Moun k ap viv nan zòn sa yo fè konnen tou ajan konpayi eksplwatasyon min yo rantre sou tè yo san otorizasyon pou yo foure twou nan tè jaden yo epi pran echantiyon wòch ak echantiyon foraj. Anplis, gen kèk moun nan zòn nan ki siyen kontra pou bay konpayi min meriken ki rele Newmont aksè ak tè a, san yo pa konprann twò byen sa ki nan kontra a.  

Lòt moun te kwè kontra yo ta pote avantaj pou yo nan lavni, menm jan ak pwojè devlopman ONG konn fè yo, oswa yo te kwè yo te oblije siyen kontra a pou jwenn dedomajman pou tout rekòt konpayi a te abimen. Kèk moun te fè konnen yon reprezantan Newmont te peye yo pou yo siyen kontra a.

Anpil moun k ap viv nan zòn nan deklare si yo te konnen sa kontra sa yo te gen ladan yo oswa si yo te byen konprann ki efè eskplwatasyon min gen sou anviwònman an, yo pa ta janm siyen kontra pou bay konpayi yo aksè ak tè a.

Lè Klinik Jistis Mondyal, an solidarite avèk manm kominote yo, mande responsab Newmont yo sa, responsab yo te deklare kontra pou bay konpayi yo aksè ak tè a pa t ap valab pou kèlkeswa eksplwatasyon min nan lavni.

Nesner souliyen degradasyon anviwònman Ayiti a ki deja egziste, makònnen avèk dappiyanp sou tè k ap fèt depi plizyè syèk, avèk yon leta ki montre deja li p ap respekte dwa pèp ayisyen an – tout sa fè peyi a patikilyeman vilnerab anfas aktivite endistri estraksyon. Eksplwatasyon min lakòz gwo dega sou anpil tè epi li lakòz deplasman kominote toupatou nan lemonn. Tè jaden deja ra an Ayiti. Anplis, Ayiti vilnerab a tranblemanntè, ki monte ris pou baraj dechè pete. Baraj ki pete konsa deja lakòz anpil moun mouri ak gwo dega sou anviwònman nan lemonn antye. 

Nesner souliyen pou CIDH lè endistri estraksyon deplase peyizan, sa se yon vyolasyon dwa zimen peyizan yo. Fòk defansè entènasyonal ak lòt enstans denonse sa.

Avèk sa yo aprann sou eskperyans eksplwatasyon min nan lòt peyi, KJM ak lòt òganizasyon kontinye fè moun nan zòn sa yo konprann pi byen ki ris eksplwatasyon min reprezante, epi ankouraje mwayen devlopman dirab pèp ayisyen ap chwazi yo menm. Nan sezon livè sa a, KJM ansanm ak Klinik Jistis Mondyal nan Inivèsite Nouyòk (New York University Global Justice Clinic) pral lanse Ayiti Kanpe Min, yon sitwèb pou bay kominote an Ayiti enfòmasyon sou ki dwa yo genyen anfas endistri min nan, ki responsablite konpayi min yo genyen, ak ki ris eksplwatasyon min reprezante pou anpil kominote an Ayiti. 

Etandone leve-kanpe kont eskplwatasyon min k ap fèt an Ayiti depi plizyè dizèn dane, prèv k ap kontinye monte ki montre ki katastwòf li ye, ak yon kantite peyi k ap entèdi endistri sa a k ap ogmante, Ayiti gendwa byen plase pou l vin premye peyi nan Karayib la ki entèdi eksplwatasyon min. Sa se lespwa kominote nan Nòdwès peyi Dayiti k ap lite pou lavni yo nan yon Ayiti san min.