Konprann migrasyon klimatik atravè yon pris jistis rasyal: Ayiti kòm yon ka eganplè

Credit: NomadikJean / iStock

Kriz klima a se yon pwoblèm jistis rasyal

Dezòd klimatik (se konsa Ayisyen rele chanjman klimatik) ak degradasyon anviwònman an gentan fòse plizyè milyon moun kite lakay yo, epi li fè anpil lòt moun pa ka kouri malgre move sitiyasyon lavi a. Moun endijèn, moun ki se desandan pèp Afriken yo, ak lòt moun ki majinalize akòz ras yo plis sibi konsekans grav reyalite sa a. Jan ansyen rapòtè espesyal pou rasis nan Nasyonzini a te fè konnen, kriz ekolojik mondyal la se yon kriz jistis rasyal li ye: gwoup ki majinalize akòz ras yo ap viv, demezireman, nan zòn ki vin danjere oswa envivab akòz degradasyon anviwònman an. Zòn sa yo, ki prensipalman ap chita nan peyi Sid yo, gen ladan yo teritwa zansèt moun endijèn avèk sa yo rele “Petits États insulaires en développement” nan lang fransè (ti peyi zile k ap devlope) nan Karayib la. Yo konn rele zòn sa yo “zòn sakrifis rasyal.” Moun k ap viv nan zòn sa yo souvan sibi majinalizasyon ekonomik, epi yo pa gen gwo resous pou yo fè fas ak domaj klimatik, malgre se moun sa yo ki pi vilnerab yo. Yo gendwa pèdi tè yo, oswa deplase andan peyi kote yo soti yo, oswa yo oblije travèse fwontyè.

Men se menm gwoup majinalize akòz ras sa yo ki mwens responsab aktivite ki lakòz fondalnatal kriz ekolojik mondyal la. Pandan plizyè syèk, endistriyalizasyon ak devlopman, ki te depann sou sistèm kolonizasyon ak esklavaj ki chita sou ras moun, te alimante kwasans ekonomik ansyen peyi kolon yo. Nan menm tan, pwosesis sa yo te rann ansyen koloni yo soudevlope epi te alimante degradasyon anviwònman yo. Pwosesis sa a te pwodui emisyon gaz efèdesè (ki gen ladan li gaz kabonik) k ap akimile nan atmosfè a pandan dè syèk epi ki kontinye ap alimante dezòd klimatik jiskaprezan. Anplisdesa, menm aprè ansyen koloni yo vin endepandan, yo toujou rete defavorize nan yon sistèm entènasyonal kote se ansyen peyi kolon yo ki plis benefisye. Ayiti se yon egzanp ki montre sa klè kou dlo kòk: lè Ayiti te genyen endepandans li nan lane 1804 atravè yon rebelyon esklav, Lafrans te egzije Ayiti repeye yon kokennchenn “dèt” pou Lafrans te rekonèt endepandans Ayiti a. Sa te pran 122 lane pou Ayiti peye dèt sa a, ki te gen ladan li dedomajman Lafrans te mande pou esklavajis ki te pèdi “dwa pwopriyete” sou Ayisyen ki fèk libere yo. Pandan tout tan sa a, dèt la anpeche peyi a devlope epi redui kapasite pou l fè fas ak kriz klima a.

Enjistis klimatik ak migrasyon ayisyen

Bay Kou Bliye, Pote Mak Sonje: Enjistis Klimatik an Ayiti ak Demann pou Reparasyon se yon rapò Global Justice Clinic nan Fakilte Dwa NYU ak Promise Institute for Human Rights nan Fakilte Dwa UCLA te soti nan pote kole avèk òganizasyon mouvman sosyal an Ayiti. Jan rapò sa a eksplike, kriz ekolojik mondyal la se yon menas egzistansyèl pou Ayiti. Ayiti se youn nan peyi ki pi vilnerab a dezòd klimatik nan mond lan. Dezòd klimatik deja lakòz evènman klimatik estrèm ki pi grav k ap fèt pi souvan, epi li deja lakòz lanmè k ap monte. Vilnerabilite estriktirèl ki deja egziste an Ayiti anpire enpak klimatik yo: gen moun ki mouri, rekòt ki kraze, ak kay ki inonde. Dezòd klimatik afekte dwa moun Ayisyen, tankou dwa pou moun viv, nondiskriminasyon, ak egalite, ansanm avèk plizyè dwa ekonomik, sosyal, ak kiltirèl, dwa ki gen pou wè ak anviwònman an, epi dwa ki gen pou wè ak migrasyon.

Gen plis pase yon milyon Ayisyen ki deplase anndan peyi a. Anpil lòt Ayisyen oblije kite peyi a pou chèche sekirite nan lòt peyi nan rejyon an. Se enstabilite politik ak vyolans ki alimante migrasyon sa a, men li makonnen tou avèk konsekans devastatè dezòd klimatik ak enkapasite leta, ki pa ka reponn ak fenomèn nan. Jan Bay Kou Bliye, Pote Mak Sonje fè konnen, kèk enpak klimatik, pa egzanp lanmè k ap monte, pwovoke deplasman dirèkteman. Gen lòt enpak klimatik, tankou destriksyon rekòt yo, ki kreye yon sitiyasyon kote moun oblije migre pou yo siviv. Migrasyon sa a fè moun yo vin pi vilnerab a dezòd klimatik, paske moun yo vin izole parapò ak kominote yo epi yo pèdi tè yo ak mwayen pou yo viv. Ayisyen ki kite zòn riral yo pou chèche lavi nan vil yo konn gonfle kò yo nan zòn ibèn ki vilnerab a dezòd klimatik, tankou katye popilè ak bidonvil. Esklizyon ekonomik ak esplwatasyon agrave sitiyasyon sa a. Pandansetan, Ayisyen ki kite peyi a pou lòt peyi nan Amerik yo konn sibi rasis, zenofobi, ak politik ak lwa sou migrasyon ki diskrimine kont yo. Sa gendwa agrave vilnerabilite yo anfas dezòd klimatik. Jan nou wè dènyèman nan Etazini ak nan Repiblik Dominiken, yo konn sible Ayisyen demezireman pou pimpe yo tounen an Ayiti, malgre sitiyasyon grav nan peyi a.

Politik ak lwa ki trete kesyon migrasyon onivo entènasyonal ak rejyonal yo manke pwoteksyon jiridik pou “migran klimatik.” Aktyèlman pa gen okenn kad jiridik entènasyonal espesifik ki trete kesyon migrasyon klimatik, ki vle di moun k ap migre anndan yon peyi oswa k ap travèse fwontyè, nan fason tanporè oswa pèmanan, akòz degradasyon anviwònman ki fèt bridsoukou oswa ofiramezi kòm rezilta dezòd klimatik. Definisyon “refijye” nan Konvansyon Nasyonzini sou Refijye, e menm definisyon pi enklizif Deklarasyon Cartagena bay, pa fè ase pou pwoteje ni migran ki pèdi tè yo oswa ki deplase akòz kriz ekolojik mondyal la, ni moun ki soti nan peyi Sid yo ki oblije kite peyi kote yo fèt yo akòz inegalite ekonomik mondyal.

Jan Bay Kou Bliye, Pote Mak Sonje fè konnen, Ayiti vilnerab anfas dezòd klimatik pa sèlman paske li se yon ti peyi zile k ap devlope. Vilnerabilite sa a se rezilta plizyè santèn lane enjistis. Kolonizasyon ak esklavaj, okipasyon ameriken, ak lòt sistèm esplwatasyon peyi Nò yo fè ki chita sou ras moun – tout sa te kreye vilnerabilite klimatik aktyèl Ayiti a. Esplwatasyon ekonomik, politik, ak sosyal Ayiti a minen devlopman peyi a, ki fè l pa kapab reponn epi adapte ak dezòd klimatik, epi ki anpeche l pwoteje pwòp sitwayen li yo kont enpak klimatik. Tout sa alimante plis deplasman ak migrasyon. Tout sa fè gen plis demann pou reparasyon ki chita sou enjistis rasyal ak klimatik. Gen moun ki bay agiman fòk gen yon fason legal pou moun ka migre akòz dezòd klimatik, epi sa kapab yon eleman nesesè pou gen reparasyon konsa.

Mete ras nan nannan travay nou an

Jan Ayiti demontre, fòk egalite rasyal nan nannan tout travay jiridik, politik, ak moun save ki gen pou wè ak kriz ekolojik mondyal la ak migrasyon nan yon klima k ap chanje. Li nesesè pou nou rekonèt sa si n ap reponn ak reyalite migrasyon an, men li nesesè tou si n ap gen yon apwòch estriktirèl pou bay reparasyon pou kòz fondalnatal deplasman. Fòk kominote ki plis sibi domaj klimatik, ki gen bon konprann, jwe yon wòl santral nan defini kisa jistis klimatik ak jistis rasyal dwe ye, ak kòman politik ak lwa ki trete kesyon migrasyon onivo entènasyonal ak rejyonal yo kapab pi byen reponn ak reyalite klimatik nou an. Nan Bay Kou Bliye, Pote Mak Sonje, nou te eseye gen yon apwòch konsa. Etandone ijans kriz ekolonjik mondyal la ak jan li afekte moun ki majinalize akòz ras yo nan fason demezire, gen anpil travay ki rete pou n fè.