Etid debaz patisipatif sou dlo pou pataje pi bon done syantifik epi ranfòse pouvwa kominotè

Sous: iStock/BrianAJackson

Lè moun nan kominote yo pote plent pou yo eseye fè konpayi pran responsablite pou vyolasyon dwa pou moun gen aksè ak bonjan dlo yo te komèt, kominote yo konn fè fas ak yon pwoblèm prèv: ki jan pou w montre se min nan ki lakòz kontaminasyon dlo a? Menm si konpayi yo gendwa siveye dlo a pandan min nan an operasyon, an jeneral yo pa oblije pibliye okenn done sou kondisyon anviwònman an anvan yo kòmanse eksplwatasyon min nan. Mank bonjan done debaz anpeche kominote yo defann dwa yo.

Nou swete kominote k ap viv nan zòn ki gen pèmi eksplwatasyon min sou tèt yo nan nò peyi Dayiti pra l kapab anpeche degradasyon anviwònman an, oswa mete responsablite a sou do konpayi yo lè gen domaj anviwònmantal nan lavni. Soti nan lane 2016 rive nan lane 2018, moun k ap viv nan komin Katye Moren nan nò peyi Dayiti ak Kolektif Jistis Min (KJM), yon rezo òganizasyon mouvman sosyal ak òganizasyon kominotè, te travay ansanm avèk syantis ak avoka dwa moun ki soti nan peyi Etazini pou etabli etid debaz sou dlo pou zòn yo an, ki gen sou tèt li yon pèmi esplwatasyon ki otorize yon konpayi bati yon min lò.

Etid la te gen ladan l yon kat jewografik ki montre kote sous dlo yo ye nan zòn nan, evalyasyon kalite plis pase 75 pwen dlo, epi rezilta tès laboratwa pou 48 sit pou detèmine konsantrasyon pwopriyete chimik yo. Ekip entèdisiplinè a te dokimante tou ki jan nivo dlo a chanje nan twa pi pandan de (2) lane. Kounye a, kominote sa yo gen nan men yo sa ki kapab premye etid debaz sou dlo ki fèt ansanm avèk yon koninote epi pou yon kominote anvan yon konpayi bati yon min.

Ekip la te konkli ekspwatasyon min lò gen ris grav pou kontaminasyon ak disponibilite dlo nan nò peyi Dayiti. Syantis yo konfime dlo ki byen fon anba tè a te bon pou sèvi epi fòk yo pwoteje l. Etid la twouve pifò twou foraj te ponpe dlo ki pa t gen okenn kontaminan malfezan ladan l, ki montre li te bon pou moun bwè oswa pou lòt izay.

Chema 1: Zòn kote etid la te fèt (trase an wouj) osid Okap, Ayiti, epi anndan basen vèsan Gran Rivyè Dinò (pati ki jòn).

Sepandan, tout pi ki fouye alamen, ki bay moun dlo ki anba tè men ki pi plat, te gen yon mikwòb ki rele «e.coli » ladan l, ki montre gen matyè fekal nan dlo a. Si yon konpayi eksplwatasyon min ta rale yon gwo kantite dlo, pwobableman sa ta minen kantite dlo ki anba tè ki pi plat la ansanm ak dlo ki pi fon anba tè a, epi fè l pi vilnerab ak kontaminasyon. Sizoka pi yo ta vin chèch epi mikwòb e.coli ta anvayi ponp yo akòz konpayi yo rale dlo ki anba tè a, sa ta prive tout kominote yo alawonnbadè dlo potab. Sa ap yon vyolasyon flagran dwa kominote a genyen pou yo jwenn aksè ak bon jan dlo.

Done sa yo, ki se pwopriyete manm kominote a, se ap yon gwo avantay nan lit pou kominote a kapab granmoun tèt li epi pou yo mete responsablite sou do konpayi yo.

Rezistans kominotè kont min

Pandan dis (10) lane ki pase yo, yon seri kominote an Ayiti ap monte rezistans chak jou ki jou kont eksplwatasyon min endistriyèl pou lò. Militan ak manm kominote yo konkli eksplwatasyon min pou metal pa yon aktivite ekonomik ki bon pou Ayiti. Ayiti se youn nan peyi nan lemonn ki chaje moun k ap viv youn sou lòt, epi anpil moun kwè se peyi ki plis degrade parapò ak anviwònman an nan tout emisfè a. Kominote yo siyale ris tou eksplwatasyon min—pou dlo a, pou anviwònman an, ak pou fason moun ap viv—peze pi lou pase avantay yo, ki pa menm fin sètèn. Anplis, yo pa fè Leta—ki li menm manke anpil resous—konfyans, ni pou l vote lwa epi mete yo an aplikasyon nan kontrenn gwo konpayi min pisan respekte règleman pwoteksyon anviwònman yo. Enkyetid sa yo ranfòse nan kontèks kote kondisyon lavi anndan peyi a ap deteryore  chak jou pi plis akoz kriz politik, destriksyon enstitisyon repiblikèn yo, epi absans gouvènman k ap dirije peyi a. Kidonk, devlope endistri minyè nan kontèks sa ap prejidisyab pou peyi a paske Leta Ayisyen p ap anmezi pou kontwole aksyon konpayi yo.

Aprè tranblemanntè 2010 la, Leta ayisyen te idantifye eksplwatasyon min kòm yon eleman fondalnatal pou fè Ayiti tounen yon “ekonomi emèjan.” Kolektif Jistis Min te fòme nan lane 2012 pou kontribye nan dyalòg nasyonal sou ris ak avantay eksplwatasyon min, epi pou kreye yon rezo nasyonal pou kominote ki te gen pèmi eksplwatasyon min sou tèt yo. KJM te rekrite Global Justice Clinic (GJC) (Klinik Jistis Mondyal) la nan NYU School of Law (Fakilte Dwa NYU) pou ede yo rekeyi bon jan enfòmasyon sou ki konpayi ki t ap travay an Ayiti epi pou kore kominote k ap sibi move konsekans eksplwatasyon min, pou yo jwenn enfòmasyon yon fason pou yo kapab defann dwa yo.

Nan premye kat lane yo, KJM te resevwa militan ak defansè ki soti nan Dominikani, Salvadò, Gwatemala, Pewou, Rwanda, ak Repiblik Demokratik Kongo, pou chèche konsèy nan men moun k ap lite pandan plizyè dizèn lane pou kominote yo viv malgre prezans eksplwatasyon min lakay yo. Mesaj yo te plis bay yo se (1) opozisyon sosyal pote plis siksè lè li fèt anvan yon konpayi bati yon min; epi (2) dlo gen plis valè pase lò. Konsa, KJM, avèk kontribisyon òganizasyon manm li yo ki soti nan yon seri kominote toupatou nan peyi Dayiti, te kreye premye kanpay li sou dwa pou moun gen aksè ak bonjan dlo.

Ansanm, KJM ak GJC te kreye yon pwogram kominotè pou siveye dlo epi yo resevwa yon idwojewològ ameriken ki te aprann yo fè ti tès senp pou yo kontwole kalite dlo a. Sa te pèmèt yo pran done debaz pou zòn ki gen pèmi eksplwatasyon min sou tèt yo. Anpil kominote te ranmase epi kenbe done, men te gen yon zòn kote yo te espesyalman òganize: kominote nan zòn Mòn Bosa, ki se youn nan twa zòn ki gen yon pèmi eksplwatasyon sou tèt li, ki otorize yon konpayi bati yon min. Moun nan zòn nan te kwè yo te beni poutèt bon aksè a bon jan dlo potab parapò ak lòt zòn; yo te vle pwoteje resous la, epi yo te chèche plis enfòmasyon sou kalite ak kantite dlo ki disponib nan zòn yo an. Kominote sa a te espesyalman okouran sou enpòtans dlo pou ekonomi li: agrikilti kapital pou yo ak pwodiksyon kleren, ki mande anpil dlo pou yo pwodui l.

Rechèch kominotè kòm syans

KJM ansanm ak manm kominote a te elaji pwogram siveyans dlo a atravè yon resansman tout kay yo ak yon resansman pwen dlo sou tout resous dlo piblik tankou: pi ki gen ponp amen, pi ki te foure amen, sous, rivyè, ak ti rivyè–nan zòn nan. GJC ak KJM te aprann manm kominote yo itilize yon aplikasyon ki rele Kobo Toolbox sou telefòn entèlijan yo pou rekeyi pwen GPS pou 1.134 kay epi plis pase 200 pwen dlo. Aprè sa, Kobo te kreye kat jewografik kominote yo otomatikman pou rann done yo vizib. Aprè sa, apati pwogram siveyans dlo a, GJC ak KJM te kreye yon kolaborasyon avèk syantis k ap viv Ozetazini. Resansman kay yo ak resansman pwen dlo yo te ede syantis yo devlope yon plan pou fè sondaj la, paske sa te ba yo enfòmasyon sou kantite moun ki t ap viv nan zòn nan ak kote pwen dlo yo sitiye parapò ak moun yo. Resansman sa a note tou ki pwen dlo ki pi enpòtan pou kominote yo, epi li ede syantis yo detèmine nan ki sit yo dwe fè tout yon pakèt mezi ak tès nan laboratwa.

Syantis yo te kontinye ap depann sou konesans moun nan zòn nan, paske se moun nan zòn nan ki mennen yo al vizite pwen dlo pou yo pran mezi dlo epi rekeyi echantiyon. Manm kominote yo eksplike syantis yo kòman yo itilize dlo a kòm dabitid, pa egzanp pou aktivite ekonomik nan yon sètèn zòn–elvaj bèf, agrikilti, oswa gildiv– ki ta kapab aji sou kalite dlo a. Anplis, syantis yo te montre moun nan zòn nan ki jan pou yo pran mezi dlo. Moun nan zòn nan te kontinye fè sa aprè syantis yo tounen lakay yo. k

Syantis yo te rive nan zòn nan pou fè echanj epi pou bati konesans ansanm, pa pou bay konesans kòmsi y ap bay lacharite. Moun nan zòn nan aprann sa yo konnen, atravè eksperyans kotidyen yo, obsèvasyon, ak pratik, gen valè. Konesans moun nan zòn nan te fè etid debaz idwolojik la pi valab ak pi itil pou kominote ki te patisipe nan pwosesis la.

Pou kont li, etid sou dlo a reprezante yon gwo pa nan jefò kominote yo ap fè pou yo fè rezistans devan eksplwatasyon min pou lò. Men sa k gen menm enpòtans se pwosesis fè etid la, ki te alimante mobilizasyon kominotè tou. Patisipasyon fanm yo te kapital, paske se fanm nan kominote a ki te gen plis konesans pwofon sou itilizasyon  resous dlo nan zòn nan ak ki enpak ki genyen sou resous dlo sa yo.

Nan mwa me 2018, lè etid sou dlo a te prèske fini, trèz òganizasyon kominotè te siyen epi soti yon lèt tou louvri pou otorite lokal yo ak gouvènman santral la. Lèt sa a, Wi ak Lavi, Non ak Eksplwatasyon Min, rejte eksplwatasyon min epi lanse yon apèl pou refòm agrè, edikasyon, rebwazman, ak dlo potab. Trèz òganizasyon kominotè sa yo reprezante tout sektè nan zòn nan, epi lèt la se youn nan deklarasyon opozisyon sosyal pi fò kont eksplwatasyon min an Ayiti jiskaprezan.

Konklizyon

Kounye a kominote nan Mòn Pele, Ayiti gen nan men yo yon seri done ki montre dlo a pa kontamine ak metal epi òt pwodui chimik ki konn mache ansanm avèk eksplwatasyon min. Maxène Joseph, yon lidè kominotè ki patisipe nan chak faz etid sou dlo a, deklare: "Nou gen done ki montre ki jan dlo nou an ye jounen jodi a, epi nou wè fòk nou pwoteje–epi amelyore–sa nou gen nan men nou. Nou lanse yon apèl pou otorite lokal ak otorite peyi a, ansanm avèk konpayi min yo, sispann eksplwatasyon min nètalkole, nan zòn nou an ak nan tout peyi Dayiti." Maxène, Kolektif Jistis Min, ak kominote nan tout peyi a jwenn enspirasyon nan desizyon yo fèk pran nan Salvadò ak nan Ondiras pou entèdi eksplwatasyon min pou metal nèt. Etid sa a se yon pa annavan pou ranfòse pouvwa kominote an Ayiti pou pran pwòp dezisyon pa yo sou eksplwatasyon min tou.