Nan yon monn kote Inegalite ap radikalize, Solidarite se Potomitan Lajistis

Eske yon klinik espesyalize nan dwa moun, ki baze nan yon fakilte dwa ki gen bon jan resous nan peyi Etazini, ka kanpe solidè ak de aktivis ki nan Emisfè Sid la?



Jean Marc Herve Abelard/EFE


Lè mwen soti nan konje matènite an 2010, mwen te chanje non klinik mwen t ap anseye nan Inivèsite Nouyòk. Akoz fristrasyon mwen te genyen fas ak ansyen estrikti yo epi règ de baz ki etabli nan kesyon pledwaye pou dwa moun, mwen te vle desantralize kad legal “dwa yo”, resantre “lajistis” nan plas li, epi remete gwo jefò nou an nan yon kontèks mondyal olye de yon kontèks “entènasyonal”. Travay mwen te entèrese anseye etidyan m yo fè te gen mwens rapò ak jiridiksyon ak tribinal entènasyonal yo men plis nan etablisman relasyon patenarya pou kwape vyolasyon ki travèse fwontyè. Olye mwen tounen nan Klinik Entènasyonal pou Dwa Moun nan kote mwen t ap (ko) anseye pandan plizyè lane, mwen te kòmanse mete kanpe “Global Justice Clinic’’. Fokis la t ap plis mete sou de pwojè ak dosye—osinon, petèt  sou angajman k ap pran prensipalman—kote plas nou nan lemonn kòm etidyan nan dwa ak avoka ki ap evolye nan yon fakilte dwa ki baze nan peyi Etazini, t ap fè pati de istwa a.

Pandan m rejte santiman dezenkane epi flotan ki devlope lè yon moun se «aktè entènasyonal» ki ap monte desann nan lemonn nan chèche «pwojè », mwen te enpasyan pou m resevwa de kritik istorik nan men chèchè ki se manm òganis ki pote non Apwòch Tyè Monn sou Lwa Entènasyonal (TWAIL scholars) epi aktivis anti-rasis yo lè mwen ap travay nan sa mwen rele “jiridiksyon moral” Klinik la, se de zòn ak espas kote enstitisyon ki baze nan Emisfè Nò yo—gouvènman, biznis, diskou ak Pratik kiltirèl yo—te enplike aktivman epi dirèkteman nan vyolasyon dwa moun, e kote nou te pote de bagay ki gen valè sou tab la nan sa ki konsènen jefò moun ki direkteman afekte yo ap fè. Natirèlman, nan espas sa yo genyen tout yon seri de kominote ki, jeyografikman, ekonomikman epi kilitirèlman, konsidere kòm de pèdan nan sistèm kapitalis neyoliberal mondyal la, soti nan Vil Nouyòk menm, pase nan basen Amazoni an pou rive sou tèt mòn peyi Dayiti.

Mwen te enpasyan pou travay nan sa mwen rele “jiridiksyon moral” Klinik la.

Nan kontèks sa, kek pòs ap gen pou pibliye nan semenn k ap vini yo, youn nan patnè Klinik la ki se Nixon Boumba ak mwen ap gen pou pataje de leson pwovizwa nou aprann apati de travay sa a. pwochen pòs la pral fokis sou travay tèt kole Klinik la fè ak aktivis ayisyen yo. Depi lane 2013, Global Justice Clinic (Klinik la) te  etabli paternarya ak de mouvman sosyal nan peyi Dayiti ki te mete tèt yo ansanm pou afime otodetèminasyon pèp ayisyen parapò ak kesyon esplwatasyon resous min lò k ap klewonnen toupatou. Kolektif Jistis Min(KJM) ki regwoupe anpil mouvman sosyal ayisyen, asosyasyon peyizan ak dwa moun, te revele nan lane 2013 de enfòmasyon enpòtan sou de konpayi ameriken ak kanadyen ki gen  pèmi pou fè rechèch, esplore epi esplwate lò nan peyi Dayiti. Sepandan, yo te gen anpil kesyon yo pa t gen repons pou yo, sa ki te pouse yo chèche sipò pou avanse ak objektif yo genyen yo. Klinik la ak KJM te kòmanse òganize de diskisyon esploratwa ki te gen objektif pou detèmine kijan nou ka travay ansanm. Nan Kòmansman, nou te dekri angajman sa kòm yon mwayen pou fè avanse dwa moun nan sektè estraksyon lò a. Sis lane aprè, nou wè travay la kòm yon opozisyon tèt ansanm fas a devlopman sektè ki vize estraksyon min lò a menm nan peyi Dayiti. Chanjman sa ki soti nan yon pozisyon ki te konsidere kòm «san fòs kote» parapò ak konpayi k ap travay nan domenn min nan peyi Dayiti pou pase nan yon lòt pozisyon kote nou konstitiye ansanm yon opozisyon fas a sektè minye a menm, se yon rezime tout bagay nou rive aprann pandan sis dènye lane sa yo.

Yon bagay ki ka sanble pi enpòtan nan moman gwo tibilans sa yo se aprann konnen kòman epi kilè li posib pou kreye de lyen solidarite solid nan mitan tout yon vas divizyon.

Pandan moman sa, nou reyalize anpil bagay ansanm. Li enpòtan pou nou fè remake  travay tèt kole nou an rive posib gras ak lidèchip de aktivis Ayisyen epi tou gras ak yon avoka ameriken vizyonè ki gen anpil talan epi ki se ansyen etidyan Klinik la ki rele: Ellie Happel ki  se tou youn nan pwofesè nan Klinik la epi ki ap dirije travay Klinik la ap fè nan peyi Dayiti, li te viv nan Pòtoprens pandan plis pase 5 lane. Yon rapwòchman konsa te alafwa esansyèl epi li te ra. Kèk nan travay nou yo te sanble ak pledwaye tradisyonèl nan kesyon dwa moun, pami yo nou ka site yon Odisyon devan Komisyon Entè-ameriken pou Dwa Moun, yon rapò detaye sou sektè minye a, de Rapò paralèl ki te pataje ak diferan mekanis Nasyonzini yo,  analiz apwofondi sou de pwojè lwa sou kesyon min ki favorab a de konpayi epi yon plent nou te  depoze nan Panèl Enspeksyon an sou wòl Bank Mondyal nan prezantasyon pwojè lwa sa a (nou te pèdi pou yon detay teknik).Gen lòt aktivite nou te reyalize ki te pi inovan epi ki vize otonomizasyon, tankou sipòte pwojè KJM ki te pote non “ 10 Jou Aksyon”, kote KJM te rive reyini aktivis anti-esplwatasyon min ki soti nan peyi latino ameriken  ak afriken pandan 10 jou pou pataje ansanm esperyans ak konesans yo epi nou te reyalize, sou yon fondman jiridik, yon etid pou etabli yon liy de baz sou dlo nan tèt kole ak de Kominote lokal ki twouve yo nan zòn kote gen pèmi esplwatasyon min lò ki delivre.

Menmi si li t ap posib pou idantifye diferan nivo “siksè” ak “echèk” diferan aspè nan travay sa a, yon bagay ki ka sanble pi enpòtan nan moman gwo tibilans sa yo—an Ayiti epi nan sektè dwa moun nan pi jeneralman—se aprann konnen kòman epi kilè li posib pou kreye de lyen solidarite solid nan mitan tout yon vas divizyon ki egziste nan kesyon privilèj, sou plan jeyografik, lang, kilti e plis ankò. Leson sa yo esansyèl pou tan k ap vini yo, akoz n ap lite pou mete fòs nou ansanm pou konbat vyolasyon dwa moun ki ap fèt akoz chanjman klimatik, mezi represyon otoritè, epi repons zenofòb fas a mouvman migrasyon yo.

Lè m te kòmanse panse pou m ekri pòs sa yo, li te vin parèt rapidman yon evidans e li t ap jis pou mwen ta ko-ekri pòs yo ak yon kòlèg ki soti nan mouvman ki patnè nou yo. Kisa m te ka di sou kesyon solidarite a, aprè tout bagay, ki te ka gen sans si li pa t konstwi sou yon konesans komen? Pwochen pòs la ap fokis sou jwenn mwayen  pou evakye kèk bagay ki pa klè nan yon konvèsasyon anpil nan nou te genyen pandan ane ki pase yo. Pòs sa pral reprann kèk tèmatik ki te byen trete nan travay de moun tankou Harsh Mander, César Rodríguez-Garavito, Regan Ralph, epi lòt ankò ki ap fè pledwaye pou gen yon fokis renouvle sou kesyon solidarite a. Objektif nou se fè limyè sou kòman patenarya nan domenn dwa moun-menm sa ki etabli nan kontèks kote gen de gwo inegalite-ka fonksyone, petèt espesyalman nan moman difisil sa yo.

 

ORIGINALLY PUBLISHED: February 13, 2020

Meg Satterthwaite est directrice du Centre pour les droits de l’homme et la justice mondiale et de l’Institut Robert L. Bernstein pour les droits de l’homme de la faculté de droit de l’université de New York (NYU).


 

COMMENTS
Stay connected! Join our weekly newsletter to stay up-to-date on our newest content.  SUBSCRIBE