Solidarite nan lit pou Lajistis : Patenaryat kont ekstraksyon an Ayiti

Eske militan ayisyen, etidyan nan lekol dwa ak pwofese Ozetazini kapab konstwi relasyon ki chita sou konfyans, onetete nan yon angajman pou trete tout moun tankou moun- sa vle  di relasyon egal ego- menm si yo pap vin kondisyon egal ego?



CJMM/Pixabay


Depi lane 2013, Global Justice Clinic (Klinik la) nan fakilte dwa New York University te etabli paternarya ak mouvman sosyal nan peyi Dayiti ki te mete tèt yo ansanm pou afime otodetèminasyon pèp ayisyen parapò ak kesyon esplwatasyon resous min lò k ap klewonnen toupatou. Kolektif Jistis Min (KJM) ki regwoupe anpil mouvman sosyal ayisyen, asosyasyon peyizana k dwa moun, te revele nan lane 2013 kèk enfòmasyon enpòtan sou plizyè konpayi ameriken ak kanadyen ki gen pèmi pou fè rechèch, eksplore epi eksplwate lò nan peyi Dayiti. Sepandan, yo te gen anpil kesyon yo pa t gen repons pou yo, sa ki te pouse yo chèche sipò pou avanse ak objektif yo genyen yo. Klinik la ak KJM te kòmanse òganize diskisyon nan premye moman yo ki te gen objektif pou detèmine kijan nou ka travay ansanm. Nan kòmansman, nou te dekri angajman sa kòm yon mwayen pou fè avanse dwa moun nan sektè estraksyon lò a. Sis lane aprè, nou wè travay la kòm yon opozisyon tèt ansanm fas a devlopman sektè ki vize estraksyon min lò a menm nan peyi Dayiti. Chanjman sa ki soti nan yon pozisyon ki te konsidere kòm «san fòs kote» parapò ak konpayi k ap travay nan domenn min nan peyi Dayiti pou pase nan yon lòt pozisyon kote nou konstitiye ansanm yon opozisyon fas a sektè minye a menm, se yon rezime tout bagay nou rive aprann pandan sis dènye lane sa yo.

Rès pati blòg sa gen objektif pou evakye kèk bagay ki pa klè nan yon dyalòg anpil nan nou te genyen pandan ane ki pase yo, e se pou yo— isit la nan espas pwovizwa sa—Nixon Boumba ansanm avèk Meg Satterthwaite pran responsabilite kòm ko-otè. Nou pa kapab pale pou KJM, e mwen pa kapab pale pou kolèg mwen yooswa etidyan ki nan klinik la; olye de sa, nou pito pale pou tèt nou.

Men kèk bagay nou ofri kòm leson posib nou ka aprann:

  1. Gen obligasyon pou konstwi ak tout konsyans yon “Nou” ki rasanble tout moun. Chèche jistis vle di se pou moun ki “benefisye” de sistèm kapitalis mondyalize sa a epi sa yo ki ap viktim tout privasyon ak zak anba men predatè dwe, menm si se pwovizwaman, konstwi yon sans komen sou sa ki posib andeyò de pozisyon divèjan sa yo. Sa yo ki twouve yo nan pozisyon “privilejye” yo—Menm si sa ka chanje, sa depann de sikonstans ak kondisyon yo menm jan ak de lòt gwoup sosyal —dwe konnen, nan tèt yo, sistèm inegalite ak esplwatis nou gen la kounya a, li fè yo mal tou. Natirèlman mal sa a pa ka konpare ak reyalite de moun ke sistèm nan kraze chak jou; epi "privilejye" a pa dwe chape anba konpreyansyon ki jan konfò y ap jwe se mare ak soufrans moun ki oprime sibi chak jou anba sistèm aktyèl la. Men sa yo ki nan kategori “pèdan” yo dwe wè bon jan nivo enplikasyon sa yo ki se “gayan” yo nan jefò k ap fèt la yo epi konnen yo kanpe bò kote yo. Se sèlman lè nou wè nou nan menm bato n ap ka mache tipa tipa ansanm nan menm direksyon.
     
  2. Rekonèt nou ka kenbe otonomi nou menm lè nou enplike nan “Nou” sa a. Chak aktè gen pou li pran responsabilite li e li dwe kontinye itilize tout kapasite esansyèl li genyen pou planifye de aksyon epi itilize pwòp vwa li pou fè mesaj li pase. Nou gen dwa pa fè menm wout nan diferan angajman nou pran yo. Nou pa pral dakò sou tout bagay e sa ka parèt difisil. Nou p ap chache pale youn “pou” lòt, men nou pran tan pou analize fason nou ka ini vwa nou ansanm youn ak lòt olye n ap nwaye youn lòt.
     
  3. Enpòtans pou fè de travay preparatwa epi rejte ak tout fòs prezonpsyon ak sipozisyon nou gen youn sou lòt. Pou Klinik la, sa vle dise mete kesyon rasis ak sipremasi ras blan—kòm sistèm ekonomik ak kiltirèl mondyal—nan sant analiz nou yo, aprann istwa Ayiti ak jan sa te kòmanse atravè revolisyon ayisyen an, epi konprann wòl peyi Etazini ak “Kominote entènasyonal” la nan kriz dirab Ayiti ap konnen. Kolèg ayisyen nou yo bezwen aprann se pa tout etranje ki se kolon osinon misyonè, epi konnen avoka ka travay kont sistèm opresyon yo epi pou yo konnen gen anpil kominote nan peyi Etazini k ap goumen kont diskriminasyon, povrete ak zak rasis y ap sibi, epi pafwa etidyan Klinik la yo soti kominote sa yo.
     
  4. Bezwen pou gen de koneksyon onèt nan mitan moun ak moun. Yon “nou” ki rasanble tout moun ka konstwi sèlman si nou mete tèt nou ansanm nan yon vrè espri ouvèti ak angajman ki montre egalite ant tout moun. Sa mande yon angajman pou etabli yon kominikasyon ki onèt, sa p ap fasi pou reyalize. Koneksyon sa pa ka konstwi sou baz yon relasyon vètikal, osinon sou baz lide kote kèk nan nou konsidere tèt nou kòm “ekspè” ou “moun entènasyonal yo” pandan lòt yo“nan bezwen asistans” ou "moun lokal yo”. Pèsonn nan nou pa ka aprann si kèk nan nou se pwofesè sèlman nou ye epi lòt yo menm se etidyan sèlman yo ye. Olye de sa, nou dwe pran angajman ak imilite, ouvèti lespri, epi kapasite pou ri youn sou lòt.
     
  5. Nesesite pou diminye—pafwa radikalman—atant yo konsènan delè yo, planifikasyon epi “reyalizayson yo”. GJC fonksyone sou baz yon kalandriye semestriyèl, yon ane akademik ki vrèman kout, kote etidyan ki vini yo ap chèche fè yon “enpak” pandan delè sa yo. KJM fonksyone sou menm baz sa a, men tou nan de lokalite kote tan an defini selon sezon lapli ak sechrès, peryòd soulèvman politik ak kalmi epi tou nan zòn kote se kominote yo ki mezire siksè yo akoz yo konsyantize sou dwa yo, konpreyansyon yo sou fason sistèm esplwatasyon min nan fonksyone epi rive pale nan yon sèl vwa. Li ka difisil pou rive jwenn fason pou mete entansyon nou yo sou menm liy ak rit n ap travay la, men se yon esperyans anrichisan lè sa rive fonksyone.
     
  6. Enpòtans pou idantifye, analize epi toujou ap poze kesyon sou wòl lajan ak lòt resous materyèl genyen, sa Klinik lan genyen an abondans an konparezon ak KJM epi kominote patnè yo ki souvan ap lite pou gen aksè pou jwenn bagay sa yo. Pa gen fason pou evite pouvwa Klinik la genyen akoz li twouve li nan yon enstitisyon ki gen bon jan resous tankou tan travay ki garanti pou etidyan yo, aksè pou yo vwayaje, kouran 24/7, entènèt rapid, fasilite pou jwenn bon jan manje, lojman epi enfrastrikti. Pou KJM epi patnè li yo, te gen de peryòd abondans men tou te gen de peryòd kalmi ki te pi long toujou. Li difisil pou kreye konfyans, onètete epi pran angajman pou egalite nan de kondisyon ki radikalman inegal. Li esansyèl pou idantifye inegalite yo san kache, diskite sou enpak li genyen sou patenarya nou an, epi travay ak tout konsyans pou demantle oswa limite privilèj kondisyon sa yo natirèlman bay Klinik la. Ansanm, nou te eseye pran yon wout kote chak pati yo ap pote sa yo kapab sou tab la, epi kreye yon pla kote tout moun ka pataje.
     
  7. Nesesite pou pran ris pou youn rive konn lòt byen. Nan lespri pou gen yon “nou” ki rasanble tout moun, dwe gen espas kote nou ka manje ansanm, pase tan nan kominote youn lòt pou aprann nan ki rit ak fason youn lòt ap viv andeyò travay la. Jan Harsh Mander te ekri l la, solidarite mande yon “lanmou radikal.”

N ap tan repons a pòs sa epi n ap pwofite mande w: kisa ki te fonksyone pou ou nan pwosesis pou kreye solidarite parapò a de divizyon radikal ki egziste?

 

ORIGINALLY PUBLISHED: March 19, 2020

Nixon Boumba is a Haitian human rights activist and member of the Kolektif Jistis Min nan Ayiti (Haiti Mining Justice Collective).

Meg Satterthwaite est directrice du Centre pour les droits de l’homme et la justice mondiale et de l’Institut Robert L. Bernstein pour les droits de l’homme de la faculté de droit de l’université de New York (NYU).


 

COMMENTS
Stay connected! Join our weekly newsletter to stay up-to-date on our newest content.  SUBSCRIBE